-Kiyès kap vin ede'n?-
-Hook-
Bagay la vin melanje,e menm manje n'paka manje
Yo di'n granmoun,tout espwa nou sou peyi letranje
Poum ka surviv m'brave danje,Granmoun/ti moun ak dlo nan je
Li met midi 'wpaka soti koz tout kote pyeje
Kiyès kap vin ede'n?Kiyès kap vin ede'n?
Tout kote se gè n'pa vle fè lapè Kiyès kap vin ede'n?
Kiyès kap vin ede'n?Kiyès kap vin ede'n?
Chak jou kòb rantre?n'toujou nan salte Kiyès kap vin eden?(1x)
-VerseI-
Chak jou w'tand'on peyi bloke,moun paka desann,moun paka monte
Se Trip pèp la kape kòde,pou Nenpòt lapli nou inonde
Nou pami vivan men nou pa konte,Chèch'on lòt opsyon nou gen plan B
pou ti erè yo ka plonbe'w,avèk la haine kè yo konble
Yo pretan se yo kap dirije,bay zam nan ghetto fè'n divize
Ensekirite blayi tout kote,menm polis la vinn politize
Lajan pa janm sikile,(ouhhh)lavi chè menm ap ogmante
Nou pa g'okenn monuman kòm souvni,tout richès nou yo finn eksplwate(pow pow/pow pow)
S'on bann kowonpi kap vyole lwa,nou kriye men yo pa tande vwa'n
Pa gen moun ki pou ban nou le bra,bann manti pou'n ka vote otan de fwa(tlaaa)
Diplôme en main nap boule kawotchou, chomaj fè'n paka ede sa k'pwòch nou
Lè'w kandida ou te fè bèl pwomès pouki lè'w finn bon w'panse ak pòch ou?
Rele leta li pa vle reponn(Alo!!!),menm pwòp tèt nou nou paka defann(non)
Yon lòt endepandans pou'n re prann,kounya'n konprann Bien-être nou se de nou'l depann(ah ouais)
Nap peye kouran yo bann black-out,Korupsyon ap vale teren
Tout Sa n' ofri jenès la se postitisyon, fimen bòz,vale kleren
-Hook-
Bagay la vinn melanje,e menm manje n'paka manje
Yo di'n granmoun,tout espwa nou sou peyi letranje
Pou'm ka surviv m'brave danje,Granmoun/ti moun ak dlo nan je
Li met midi 'wpaka soti koz tout kote pyeje
Kiyès kap vin ede'n?Kiyès kap vin ede'n?
Tout kote se gè n'pa vle fè lapè Kiyès kap vin ede'n?
Kiyès kap vin ede'n?Kiyès kap vin ede'n?
Chak jou kòb rantre,n'toujou nan salte Kiyès kap vin eden? (1x)
-Verse II-
Chak jou Ayiti katouch ap chante,otorite yo pa vire gade
Yo di Ayiti se kot pòv rete sa kap ede'n goumen kont povrete
Pouki'n se nasyon ki pi maltrete,gro nasyon trete nou de malproprete
Li lè pou peyi an gen moun k'ap viv nou bouke kontante'n de egziste
Anmweyy!!!nou pa kapab ankò chak maten nou leve nan lari n'bouke konte mò
Ou woyyy!!!Kiyès k'ap vinn ede'n paske ak Lavi chè sa nou di nou pa dakò
Oparavan Ayiti pat konsa,non non li pat janm konsa
Ti moun depoze kaye pou pran zam nou pap dakò sa
Leta vòlè!!! N'te gentan atann sa,blofè!!! N'te gentann aprann sa
Delivrans nou pa lwen avèk lafwa mwen chita m'ap tann sa
Soyez le premier à commenter.